La lwa mande chak 10 lane, pou biwo Resensman konte tout moun kap viv nan Etazini Ameriken ak moun ki pa Ameriken
ENPòTAN: chak lane , Govènman federal bay eta ak vil yo, ampil lajan pou bati kay, lopital, lekòl, e pou amelyore transpòtasyon ak sèvis sosyal. Chif resensman ka afekte ki jan lajan sa-a ap distribye.
FASIL: Li pran Selman 10 minit pou rempli papye sa-a ou ap resevoua an MAS 2010
SAN DANJE: Selon la lwa, biwo resensman pa kapab pataje repons yon individi avèk okenn lòt moun, nenm ajans Federal, IRS , FBI , INS, Welfare etc.